Sa k ap fè nenpòt moun rekonèt Òd-la

Se yon kwa koulè lò, ak yon roz wouj nan mitan l. Kwa a reprezante kò moun epi flè a li menm se nanm moun lan k ap grandi.

Kisa Òd lan ye

Se yon mouvman filozofik, inisyatik ak tradisyonel ki ekziste sou tout tè a. Li pa yon relijyon, li pa nan politik nonplis. Pòt li louvri pou fanm kou gason, kelkelanswa ras li, relijyon l, oswa pozisyon sosyal li.

Deviz Òd lan

« Tout moun granmoun nan lonè ak respè ».

Ki sa Òd lan ap chache

Fè tout ansèyman filozofik Roz-Kwa yo te transmèt depi lontan kenbe djanm, ansèyman sa yo ki gen rapò ak tout sa nou pa rive konprann sou linivè, lanati ak lèzòm.

Kantite moun ki nan Òd lan

Yo 250.000 konsa sou tout tè a.

Ki kote Òd lan soti dapre tradisyon an

Òd la sòti nan lekòl mistè nan peyi Egypte depi tan lontan, tan save yo rele dizwityèm dinasti a, nan zòn lane 1500 anvan Jezikri.  Pa gen okenn dout sou ekzistans lekòl sa yo pou preske tout istoryen ak ekspè nan listwa Egypte yo. Nan lekòl sa yo, inisye yo te konn reyini pou etidye mistè sou kreyasyon an. Se la mo “mistisism” lan sòti. Mo pou mo, mo sa a vle di: “etid sou mistè yo”. Men, ane pase, jou pase, leson sa yo vin bay youn konesans qui boujonnen anpil kote, tankou nan peyi laGrèce nan tan lontan, nan Wayòm Romain yo, nan lEwòp mwayenaj, epi finalman nan period dizwityèm syèk lan, se Roz-Kwa yo ki ranmase tout eritaj konesans sa a.

Ki kote Òd lan soti dapre listwa

Dapre listwa, se nan lane 1623 Roz-Kwa yo deside fè konen yo nan peyi laFrance. Pou sa, yo tonbe kole afich nan tout lari vil Paris. Men kisa ki te ekri nan afich sa yo : “Nou menm, Reprezantan mandate Rasanbleman prensipal Roz-Kwa a, nou deside fè yon kanpe nan vil sa a, dè fwa y ap wè nou epi dè fwa yo pa p wè nou …” Kèk lane anvansa, nan lespri pou te ride moun ki t ap reflechi nan epòk sa a, yo te gentan fè parèt twa (3) gwo deklarasyon piblik sou fèy papye. Deklarasyon sa yo te pote non : «Fama Fraternitatis» (nan lane 1614), «Confessio Fraternitatis» (nan lane 1615) epi «Noces chymiques de Christian Rosenkreutz» (nan lane 1616). Nan lane 2001, nan mwa mas, AMORK fè parèt yon katriyèm deklarayson: «Positio Fraternitatis Rosae Crucis», epi kèk tan apre nan lane 2014 gen yon lòt ki parèt ankò ki rele: «Appellatio Fraternitatis Rosae Crucis». Nan periòd dizwityèm syèk lan, Òd Roz-Kwa ak Òganizasyon Fran Mason te makonnen ansanm, men, jounen jodi a, toulède òganizasyon sa yo gran moun tèt yo. Depi kòmansman ventyèm syèk lan, AMORK mete anba zèl li Òd Matinis Tradisyonèl, yon Òd ki gen rapò ak Filozòf franse ki te rele Louis-Claude de Saint-Martin (1743-1803).

Lè Òd lan reparèt

Nan lane 1909, ezoteris ameriken Harvey Spencer Lewis (1883-1939), ki depi kèk lane deja te montre li gen anpil enterè pou mouvman Roz-Kwa a, te deside ale nan vil Toulouse pou l t al kontre ak Roz-Kwa ki te nan peyi laFrance yo. Nan tan sa a, nan peyi sa a, Òd lan t ap dòmi, ki vle di li preske pa t ap mache ankò. Roz-Kwa sa yo te inisye msye epi yo te ba l yon misyon espesyal pou l al gaye konesans Roz-Kwa a nan peyi Etazini, yon mannyè pou yo te jwenn mwayen pou remete l kanpe nan peyi Ewòp yo lè tan an va rive pou sa, lè bagay yo ta vin pi bon. (Nan periòd sa a, siy lagè 14, ke yo rele ankò Premye Gè mondyal, te gen tan parèt). Harvey Spencer Lewis te akonpli misyon sa a, anplis se li ki te vini ak non Òd la pote jouk jounen jodi a, ki se «Antiquus Mysticusque Ordo Rosae Crucis» (Ansyen ak Mistik Òd Roz-Kwa), yon mannyè pou non an te tou di ki kote Òd lan te sòti sou plan istorik ak sou plan tradisyonèl. Apre Dezyèm Gè mondyal lan, (Lagè 39 lan), A.M.O.R.K. louvri zèl li pitipiti sou tout tè a.

Ki jan Òd lan òganize jounen jodi a

Jounen jodi a, A.M.O.R.K. toupatou sou tè a. Li divize an plizyè « jiridiksyon » ki yo menm reyini tout peyi ki pale menm lang. Kidonk, n ap jwenn yon jiridiksyon angle, yon jiridiksyon franse, alman, panyòl, italyen, grèk, ris, eskandinav, japonè, elatriye. Chak jiridiksyon sa yo gen alatèt yo yon « Grann Lòj ». Chak Grann Lòj gen nan tèt li yon « Gran Mèt » ki eli pou yon manda senk (5) lane. Li ka rekòmanse manda otanfwa yo vote l pou sa. Ansanm Gran Mèt tout jiridiksyon yo fòme sa nou rele « Konsèy Siprèm » Òd lan. Se Enperatò a ki alatèt Konsèy sa a. Li eli pou yon manda senk (5) lane tou. Limenm tou, li kapab rekòmanse manda otanfwa yo vote l pou sa. (Mo franse « Imperator » a la depi dizwityèm syèk lan. Li sòti nan yon ekspresyon laten « Imperare sibi », ki vle di « Youn moun ki mèt tèt li » ki donk « ki metrize tèt li »).

Sa yon moun ka aprann nan Òd lan

Jouk nan lane 1909, leson yo te transmèt bouchaorèy, sa vle di aloral. Si you moun pa t konsènen ou pa t ka konnen ki kote pou al tande leson sa yo. Se poutèt sa, nan tan lontan, yo te konn di Òd lan se yon sosyete sekrèt. Depi epok sa a jouk kounyen a leson yo sou papye. Yo prezante tankou yon seri ti liv ki pa gen anpil paj ke nou rele nan lang franse : « monographie ». Chak mwa, chak manm Òd lan resevwa monografi yo pa lapòs nan yon anvlòp, oswa sou entènet. Etid lan kouvri douz (12) degre. Nan chak degre sa yo, manm lan etidye yon bann gwo kesyon filozofik oswa mistik, tankou : Ki sa Bondye ye, ki kote inivè a sòti, ki jan epi ak kisa matyè a fèt, ki sa tan an ak espas lan ye,  tout lwa ki pèmèt lavi a boujonnen sou tè a, pouki evolisyon, bon nanj (oswa nanm) lèzòm ak sa ki mache ak li, diferan nivo konsyans yo, fenomèn psichik yo, mistè lanmò, ki sa ki genyen apre lavi lè yon moun fin mouri, epi kesyon bon nanj (oswa nanm) yon moun ki mouri depi lontan epi ki retounen viv sou tè a nan yon lòt kò (sa nou rele reenkanasyon an), senbòl tradisyonèl yo… Anplis, yon mannyè pou pèmèt manm yo rive metrize etid la pi byen, leson yo akonpaye ak anpil eksperyans sou teknik kle nan zafè mistik, tankou : relaksasyon, konsantrasyon, kreyasyon mantal, meditasyon ak kijan ou kapab rive chanje nati yon bagay –sa nou rele alchimi espirityèl lan.

Reyinyon fratènel yo

Pandan manm lan ap etidye monografi yo lakay li, tout rosikrisyen ki vle gen chans pou l kapab vin reyini nan lòj pou vin patisipe nan travay tèt ansanm ki fèt nan tanp Roz-Kwa yo. Reyinyon sa yo fèt pou fasilite ale vini nan mitan manm yo sou divès sijè kiltirèl oswa filosofik ya p etidye yo. Se nan lòj yo tou yo bay inisyasyon rozikrisyèn yo. Inisyasyon sa yo pa obligatwa, men Òd lan ankouraje manm yo resevwa yo poutèt entèrè espirityèl yo. Òd lan òganize konvansyon de tanzantan. Sa pèmèt manm yon zòn (rejyonal), yon peyi (nasyonal), plizyè peyi (oswa entènasyonal) e menm tout peyi sou la tè-a kontre (oswa mondyal). Kèlkelanswa li te rejyonal, nasyonal, entènasyonal oswa mondyal, tout konvansyon sa yo se randevou Òd lan kase pou  aktivite mistik ak fratènel.

Men Kèk gwo moun nan lemonn ki te Roz-Kwa

Nan tan lontan, gen kèk gwo moun ki te manm Òd lan oswa ki te gen kontak ak li. Nan mitan yo, nou jwenn : Paracelse (1493-1541), Francis Bacon (1561-1626), Michael Maier (1568-1622), Robert Fludd (1574-1637), Jacob Boehme (1575-1624), Comenius (1592-1670), René Descartes (1596-1650), Elias Ashmole (1617-1692), Baruch Spinoza (1632-1677), Isaac Newton (1642-1727), Wilhelm Leibniz (1646-1716), Benjamin Franklin (1706-1790), le comte de Saint-Germain (1696?-1784), Cagliostro (1743-1795), Michel Faraday (1791-1867), Joséphin Péladan (1858-1918),  Claude Debussy (1862-1918), Marie Corelli (1864-1924), Papus (1865-1916), Érik Satie (1866-1925),  François Jollivet-Castelot (1868-1937), Nicolas Roerich (1874-1947), Édith Piaf (1915-1963), Yves Klein (1928-1962), elatriye. Jounen jodi a,  A.M.O.R.K. toujou gen anpil grandèt, anpil moun k ap reflechi,  anpil syantifik, gwo atis ki manm li; men anpil nan yo chwazi pa kite moun konnen yo se manm Òd lan, kòm se dwa yo,  yo prefere rete nan lomb.

Support the Order

Related Links

"Mysticism teaches cosmic laws and principles by which we are brought into closer consciousness of our divine power. The mystical experience of union with the One imposes upon the mystic a moral obligation — to use this knowledge for the welfare of others."
- Rosicrucian Manuscript